Kisa
Bondye vle de nou?
Jean
3:3
Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa
kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a
si li pa fèt yon dezyèm fwa.
Nou fèt pou nou chèche bon pawòl ki soti nan
Bib la pou ede nou grandi nan lafwa epi poun kapab fè Bondye plezi nan lavi nou.
1 Pierre 2:2 Tankou
timoun ki fenk fèt,
se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab
grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.
La religion trè souvan fè plis mal ke byen, yo
gen kontwòl epi yo òganize pou yo kapab fè lajan. Jésus lui-même te kritike
larelijyon nan sans sa. Jésus te sèvi avèk ki trè di pou l kalifye komès ki tap
fèt nan tanp lan «nan avantaj dirijan legliz yo avèk pastè yo».
Jean
2:13-16 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se
konsa Jezi moute Jerizalèm. 14 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki
t'ap vann bèf,
mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. 15
Li pran kèk kòd, li mare yo
ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm
ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo,
li jete tout kòb yo atè. 16 Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete
sa la. Pa fè
kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès.... .
Donk, li enpòtan pou nou note ke Bondye pa vle
pou nou relijye, men de preferans, li vle etabli yon relasyon pèsonèl avèk nou.
Li vle konnen nou pèsonèlman, paske li renmen nou epi li vle okipe l de nou. Se
sa menm ke Bib la fè nou konnen. Genyen dè reyalite nan Bib la ki trè di, ki fè
li difisil pou moun li epi aksepte yo. Lemond pap toujou anvi tande pawòl sa
yo. Men laverite, se laverite. Bib la ba nou verite a tankou yon limyè nan lòt
bout twou a.
Men verite ke Bib la ban nou an: Moun sou latè
pa fè anyen ki dwat, nou tout peche. Pp gen pèsòn ki pafè!
Romains
3:23 Tout moun fè
peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
Men, reyalite ki pi di a sè ke mwen
avèw nou pa pafè, sepandan pou nou ale nan syèl la, nou dwe pafè.
Matthieu
5:48 Non, nou fèt
pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.
Bondye pafè epi li jis epi li toujou obeyi
lalwa. li pa ka pa fè moun respekte lalwa.
Ézéchiel
18:20 Moun ki fè
peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon
papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou
dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.
Romains 6:23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se
lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
Bondye juste e se
akoz jistis li, li dwe pini peche, pandan setan nou peche; li dwe kondane nou
pou nou ale nan lanfè jan lalwa a di l la. Men genyen limyè a nan lòt bout twou
a. Bondye juste konsa li dwe fè sa ki juste, men li renmen nou tou epi se
limenm menm ki jwenn yon mwayen pou li rann nou just epi poul kapab sove nou
anmenm tan. Bondye vle pou nou ale nan syèl la, li te fè paradi a pou nou. Men
nou te chwazi sa ki pa vo anyen nan pals paradi a. Kisa ki pi fasil pou nou fè?
fè sa ki dwat oubyen viv pou fè lemond plezi? Nou pa dwe janm bliye ke chèk yo
peye pou peche a se lanfè. Konsekans sa kapab chanje depandan de chwa ke nou fè.
Nou tout nou merite lanfè. Pèsòn pa merite syèl la - c’est la dure réalité de
la Bible. Men limyè ki parèt lòt bò bouch twou a …..
Romains
5:8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil;
paske nou t'ap fè
peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Non Jezi a enpòtan anpil. Jezi se Bondye ki tounen moun nan! Bondye te tounen moun nan objektif eksprè pou li te ka bay lavi li pou peye pou pen peche nou yo.
Jean 1:1-4 Anvan
Bondye te kreye anyen, Pawòl
la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. 2
Pawòl la te la avèk Bondye
depi nan konmansman. 3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t'
gen anyen ki te fèt san Pawòl la. 4 Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki
te bay tout moun limyè.
Jean
1:14
Pawòl
la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm
nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa
Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Chak grenn pami nou gen yon det ki dwe peye, se det peche anve Bondye. Sa ki pi enpotan, se ke Jezi te deja peye det sa. Lafwa se sel fason ke kredi sa kapab transfere sou kont ou. Lafwa se sel bagay ki nesese pou Jezi kapab padone pechew.
Jean
03:16 Paske, Bondye sitèlman
renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan
li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Men lafwa se plis ke yon senp kwayans. Lafwa se yon desizyon ki chanje lavi nou, se yon desizyon pou remet lavi nou nan men Bondye, pou li kontwole li jan li vle, selon plan li.
James
2:19 Ou kwè
gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble
sitèlman yo pè
.
Sa vle di siw gen konfyans nan Jezi, wap vle fe tout sa Bib la di epi wap obeyi li. Bondye te prepare tout sa, paske li vle pou tout moun kapab aksepte Jezi pou yo kapab sove.
Eskew te pran desizyon pouw mete konfyans ou nan Kris la? Si ou pat anko fe sa, map konseyew fe sa jodia. Tan an ap pase vit, ou pa konn kile wap mouri. Profite de privilej sa ke Bondye ap ofri ou nan Jezikri.❤❤❤
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Commenter