jeudi 8 avril 2010

Vin Konekte'w zanmi nan sous lavi a


Anpil mo,jounen jodia alamod, selon epok la. Konsa, nou we konekte se ki vin gen anpil empotans sejousi, tout kote se yon sel veb ''konekte''. Avek kesyon elektrisite a mo sa a pran anpil ekstansyon ak , epi kounye a se pi red avek kesyon de (internet) la. San koneksyon, yon moun pa kapab jwi de tout kalite riches ke nouvo sistem komimikasyon sa a (Internet) ofri yo. Sa se reyalite tan nou yo. Se menm jan an tou sa pase nan lavi moun ki vle swiv Jezi yo oubyen ''lavi kretyen nan" ki dwe sanble ak Kris la. San koneksyon avek reyalite espirityel yo nou pedi de vi de riches ki genyen ladan'l yo. San koneksyon sa yo lavi kretyen nan pa'p gen okenn vale. Men twa fason nou ka konekte ak Bondye pou lavi nou kom disip Jezikri kapab yon vre limye laverite nan kominote nou an ki domine pa fenwa. Si yon moun nan Kris, li vin yon lot moun. Tout bagay ansyen yo pase. Se lot bagay nef ki vin pran plas kounye a. (II Korent.5:17)

I- Konekte'w avek Bondye - Se la tout bagay komanse. Dekonekte ak Bondye se inyore karakte li ak chemen li yo.

I-1- Adorasyon - Nou adore sa nou admire e nou pa ka admire sa nou pa konnen. Se poutet sa moun ki konekte ak Bondye yo, nan pi bon pozisyon pou adore li, pou yo eksprime santiman yo ak konviksyon de ke anyen e peson pa pigran ni pi ekselan pase Bondye nou an. Le nou adore Bondye, nou di ke li pi plis pase byen li yo, menm si nou di'l mesi pou benediksyon li yo, Bondye pi gran pase yo. Bondye te ba nou lavi e nou di mesi pou sa, men lavi pa gen sans, si nou pa viv pou glorifye non li. Som 29: 1-2 di nou: '' Fils de Dieu, rendez a l'Eternel, rendez a l'Eternel gloire et honneur! 2- Rendez a l'Eternel gloire pour son nom! Adorez l'Eternel avec des ornements sacres!" 

I-2- Konekte'w avek Bondye nan Pawol li - Bib la se pawol Bondye, se sous pa ekselans lan pou nou gen akse a enfomasyon sou bagay selestyal yo. Tout moun ki pedi koneksyon avek Pawol Bondye limite avek enfomasyon ke li genyen nan pwop lespri limite li a. Pawol Bondye aktyalize panse nou yo de Bondye, de plan li yo, de lavi nou ansanm avek mond nou an. San yon konpwomi pou nou konekte nou ak Bondye chak jou nan Pawol li, nou va mache nan fon fenwa mond sa a. Bondye di konsa nan Josye 1:8 "Que ce Livre de la Loi ne s'eloigne point de ta bouche; medite le jour et nuit, pour agir fidelement selon tout ce qui y est ecrit, car c'est alors tu auras du succes dans tes entreprises, c'est alors que tu reussiras."

I-3- Konekte'w avek Bondye nan Lapriye
- Nan jou nou yo avek mod koneksyon (Wireless) sa a, gen plizye milye ane depi gason ak fanm ki te konekte avek Bondye te sevi avek sistem kominikasyon san fil sa a ke yo rele "Lapriye" a. Ke Priye a se komanse enterese nou nan plan Bondye yo. Lapriye se pa ENPPOZE a Bondye sa nou vle fe, li pi bon pou npou chwazi sa li VLE pou nou. Gade sa Bondye di nan: Efez 6:8, "Paske, chak moun, ki yo esklav, kit yo lib, si sa yo fe a bon, nou konnen y'ap resevwa rekonpans yo nan men Senye a."

II Konekte'w avek pep Bondye a
Bondye pa kite nou poukont nou nan mond sa a, nou gen yon rezo de gason ak fanm ki te mete konfyans nan Kris la tou, kominote sa a rele "Legliz". Se fanmi Bondye a, se nan espas sa a Bondye ap travay nan sanntifikasyon lezom jiskaske li deside fini avek istwa limanite a. Nan Legliz la nou va jwenn: 

II-1- Kominyon tranfomate -Konpanyon nan fanmi Bondye a se devlope relasyon avek lot pitit Bondye, nan patisipasyon de tout reyalite espirityel ke nou genyen an komen yo nan Kris, deja nou pa pou mond lan, poutet sa nou pa dwe fikse nou sou entere mond lan. 

II-2- Sevis Bondye ba nou kapasite ak don ak resous pou nou sevi. Lavi ansanm gen pwogre, si nou viv pou nou sevi youn lot epi pou eksperimante lanmou lot fre yo pa mwayen sevis tou ki kapab prezzante nan plizye fason. Gade sa Pawol Bondye a di de premye Legliz la nan Nouvo Testaman a: "Alo, yo batize moun ki te kontan asepte pawol Pye a. Jou sa a, Bondye ajoute 3 mil moun konsa sou gwoup la. Yo t'ap pesevere nan anseyman apot yo, nan kominyon fratenel, nan kase pen ak nan lapriye. (Travay 2:41-42)

III- Konekte sa ki pedi yo ak Bondye epi avek pep li a
Sa se nouvel misyon nou an nan lavi a, konsa tou, menm jan ou te kapab we koman Kris gloriye e gran pou lavi ou la, ke san li ou ta pedi nan mize ki pi fon an, Konsa nou vle ke tout moun sa yo ki antoure nou komanse kwe nan Kris pou sali yo. Men 2 konsey pou nou konekte moun ki antoure nou yo ak Bondye: "Men noumenm nou se yon ras moun Bondye chwazi, nou se yon wayom sakrifikate, nou se yon nasyon ki sen, nou se you pep ki se propriyete prive Bondye. Nou konsa dekwa pou nou ka montre bon kalite li genyen, limenm ki rele nou sot nan fenwa, pou nou vin nan mevey limye a." (IPye 2:9)

III-1- Pale li de konpanyon ou ak Kris 
- Ou pa bezwen konnen tout Bib la pou'w fe sa, senpleman pataje sa Bondye ap fe nan lavi ou, jan li chanje fason ou te konn panse epi ak jan l'ap chanje relasyon ou avek lot moun. 

III-2- Envite li nan reyinyon piblik pep Bondye a 
- Ou ka fe sa, pou yo ka we jan pep Bondye a ap adore epi pou yo ka koute proklamasyon Pawol Bondye a.

Mesaj sa a se yon benedilsyon pou tout moun ki va li li. Si yon moun fin li mesaj sa a li pa vin konekte li pou li jwenn sali pou nanm li, se pa fot mwen paske, mwen pat resevwa pam lan pou lajan. Mwen te selman rekonet ke mwen se yon peche ke mwen pa ka fe anyen pou evite lanfe, konsa mwen te deside repanti de peche epi aksepte Jezi, depi le sa a, lavi mwen gen sans, e kounye a mwen milyone san anpil lajan.
Benediksyon Bondye pou tout moun ki va li atik sa a e ki aksepte Jezi kom sove yo!

 Socrate Paul, for the love of Jesus!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Commenter